Mike's junk yard

Proverb

Home | Mike's junk yard blod | HOW TO - FREE STUFF | Great literature / Poetry Straight from the Heart! | Proverb | Cric! Crac! | In Haiti's Kitchen! | Entertainment Music Videos

bn3276_9.jpg
Port-au-Prince (Photographer: Eric Wheater)

1:Pye kout pran douvan.
2:Dan pouri gen fos sou bannann mi.
3:Si fe te konn koupe fe, machoket pa tap viv.
4:Ti kocho-an te di manman sak fe dyol ou long konsa-a, manman reponn li, pitit mwen se pa vini wap vini wa we.
5: Pye'w pi pwop pase men ou, le'w pile kaka chen, se men-w ki pwopte'l.
6:Gade grose vant ou, ou pa ta di se ti kochon ki bwe dlo manyok.
7:Pi piti pi red, pi gwo, men baton.
8:Si peyizan pa travay la vil pa manje.
9:Se avek siwo yo rale foumi.
10:Si'm te konnen toujou deye.
11:ti Pay ti pay zwazo fe nich li.
12:Le vant chat plen, ke rat anme.
13:Sa ou fe se li ou we.
14:Kabrit di'w, sak nan kwen dan'w, se li ki pa'w.
15:Sa ki pou Ceza bay Ceza, sa ki pou Bondye, bay Bondye'l
16:Wap kouri pou la pli, wa'l tonbe nan gran rivye.
17:Pa retire kasav nan bouch pov.
18:Pa mode dwet kap ba'w manje.
19:Woch nan dlo pa konn doule woch nan soley.
20:bat chen an tann met li.
21:wa pa kouzen prezidan pa bope'w.
22:se pa chak jou ti mari pot bon siwo.
23:ti mari pap monte ti mari pap desann.
24:pa konte ze nan vant poul.
25:bouch gran moun santi men pawol nan bouch li se lo.
26:sa ou vle pou belme'w se manman'w li rive.
27:le'w pa jwenn manman ou tete grann.
28:Esperyans granmoun lan se nan tet li li ye.
29:Tout jwet se jwet kochet pa ladan'l.
30:Ma'p pote'w so do wap di'm wap pile roch.
31:Ou fose bourik janbe dlo ou pa fose bourik bwe dlo.
32:Mennen koulev la lekol se younn fel chita se yon lot.
33:la fimen pa janm monte san dife.
34:Sak di men koulev la se li-k touye'l.
35:Sa pov genyen se sa'l pot nan mache.
36:Bri kouri nouvel gaye.
37:Jan cheche Jan trouve.
38:Mache promennen pa janm domi san soupe.
39:Ayiti vann ou li pa baw papye.
40:Ayiti se yon te glise.
41:On sel dwet pa manje kalalou.
42:Men anpil chay pa lou.
43:Bourik chaje chwal galonnen.
44:Kabrit sou do bef la lap pale'l mal.
45:Tout bet jennen mode.
46:Maladi'w genyen an se pa li'w di dokte ya.
47:Ret dousman se remed ko.
48:Pou gen rezon devan kras ou benyen chak jou.
49:Sak vid pa kanpe.
50:Malere pa chen.

Feel free to e-mail us more proverbs to keep the legacy going. Our new generations' future depend on it. We have to keep our culture alive!

micaelie@yahoo.com

 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
Thanks for visiting my site!